Skip to Content Skip to Footer
Delaware Wic Site Logo
  • Bay tete
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Vle Aprann Plis?
  • Kreyòl
    • English
    • Español

Konsèy Pou yon Gwosès ki an Sante

  • Lakay
  • Edikasyon sou nitrisyon
  • Fanm
  • Konsèy Pou Yon Gwosès ki an Sante
  • Chè Manman
  • Resevwa Swen Prenatal
  • Chwazi Manje ki Bon pou Lasante pou Ou ak Tibebe w la
  • Egzanp Meni
  • Ti Goute: Bon Gou, Sen epi Fasil
  • Konsèy pou Restoran Manje Rapid
  • Konsèy sou Sekirite Manje
  • Pran Vitamin Prenatal
  • Kenbe Dan w an Sante
  • Rete Aktif pou Kò w Rete an Sante
  • Ogmantasyon Gwosè ki an Sante
  • Kenbe Tibebe w lan an Sekirite ak an Sante
  • Malèz nan Gwosès
  • Bay Tibebe w la Bon Kòmansman an – Bay Tete!
  • Reyalite sou Alètman
  • Plan Alètman Mwen Nan Lopital La
  • Kreye Tan pou Tèt Ou

Chè Manman,

Ou vle gen yon tibebe ki ansante epi pou ou rete ansante, tou. Manje manje nitritif epi jwenn swen ou bezwen an se youn nan pi gwo kado ou bay tibebe k ap devlope w la.

WIC kapab ede w:

  • Aprann sou alètman
  • Fè chwa manje ki bon pou lasante pou ou ak fanmi ou
  • Jwenn referans pou swen sante ak lòt pwogram kominotè
  • Aprann kijan pou kenbe tibebe w la an sante ak an sekirite
  • Achte manje ki bon pou lasante
Konsèy ki nan paj sa a pa ranplase konsèy pwofesyonèl swen sante w la. Ekri kesyon pou w poze anvan ou ale fè egzamen prenatal ou yo.

Lè w vizite biwo WIC lokal ou a, ou ka aprann plis sou yon manje ki bon pou lasante. Nou espere ou jwi tout sa WIC gen pou ofri.

Sensèman,
Estaf WIC ou a

Resevwa Swen Prenatal

Swen prenatal se swen sante pou fanm ki ansent. Yon pwofesyonèl swen sante oswa yon enfimyè ki fòme espesyalman ap verifye ou menm ak tibebe w lan anfòm.

OU KAPAB ATANN OU AK:

  • 1 konsiltasyon chak mwa pandan 6 premye mwa yo.
  • 2 konsiltasyon chak mwa nan 7yèm ak 8yèm mwa.
  • 1 konsiltasyon chak semèn nan 9yèm mwa a.
  • 1 konsiltasyon 2 jiska 6 semèn apre tibebe w la fèt (apre akouchman).

Resevwa swen prenatal depi w ou panse ou ansent. Orè ki pi wo a se yon gid; li enpòtan pou ale nan tout randevou yo rekòmande yo. Ou ka aprann plis konsènan tibebe w lan ak kijan kò w ap chanje.

Si w bezwen èd pou peye pou swen prenatal, kontakte biwo Medicaid lokal ou a.

Pregnant woman getting a prenatal checkup

Chwazi Manje ki Bon pou Lasante pou Ou ak Tibebe w la

Tibebe w lan grandi pi byen lè ou manje manje ki bon pou lasante. Chwazi yon varyete manje nan tout 5 gwoup manje chak jou.

Pou yon plan manje pèsonèl chak jou, ale sou www.myplate.gov

GRENN
LEGIM
FWI
PWODUI LETYE
PWOTEYIN
GRENN
bread slices

6-8 ons chak jou

(6-8 pòsyon) 1 pòsyon = 1 ons

Egzanp:

  • 1 tranch pen oubyen tòtiya
  • ½ bagèl oubyen yon pen anmbègè
  • ½ tas diri kwit, nouy, oubyen sereyal
  • 1 tas sereyal ki nan tip flokon

Manje grenn antye tankou:

  • Avwàn
  • Pen oswa biskwit ble antye
  • Diri mawon
  • Pasta ble antye
  • Tòtiya (ble oswa mayi antye)
LEGIM
Three tomatos

2½-3½ tas chak jou

(5-7 pòsyon) 1 pòsyon = ½ tas

Egzanp:

  • 1 tas legim kri oswa kwit
  • 1 tas leti oubyen fèy legim vèt
  • ½ tas legim oubyen ji tomat

Konsèy:

  • Manje plizyè estil ak koulè: vèt fonse, oranj, wouj, jòn, vyolèt, ak blan
  • Ajoute nan: ze bwouye, diri, nouy, salad, ak kaswòl
FWI
Three Apple

1-1½ tas chak jou

(2-3 pòsyon) 1 pòsyon = ½ tas

Egzanp:

  • ½ tas koupe oubyen kuit
  • 1 fwi – pòm, zoranj, pèch, elatriye
  • ½ tas 100% ji fwi

Konsèy:

  • Manje plizyè estil ak koulè: wouj, jòn, oranj, ble, vèt, mov, ak blan
  • Mete fwi ki tranche oubyen koupe sou sereyal, krèp, poudin, ak yogout konjle
PWODUI LETYE
Curd bowl

3 tas chak jou

(3 pòsyon) 1 pòsyon = 1 tas

Egzanp:

  • 1 tas lèt
  • 1 tas yogout
  • 1 jiska 2 tranch fwomaj

Konsèy:

  • Chwazi lèt ki gen 1% oswa ki san grès
  • Si li difisil pou bwè lèt, pran ide nan men WIC
PWOTEYIN
veggies bowls

5½-6½ ons chak jou

(5½-6½ pòsyon) 1 pòsyon = 1 ons

Egzanp:

  • 1 ons vyann, poul, kodenn, oubyen pwason
  • ¼ tas ton lejè ankonsèv
  • 1 ze
  • ¼ tas pwa ki kwit oubyen tofou
  • 1 gwo kiyè manba

Konsèy:

  • Yon pòsyon 3 ons se menm gwosè ak yon pake kat
  • Chwazi vyann san grès: kuit nan fou, griye, oubyen boukannen yo
  • Manje plis pwa; mande WIC resèt yo

Egzanp

Meni

Ou menm ak tibebe w lan fonksyone pi byen lè ou manje repa regilye ak ti goute. Men yon echantiyon meni ki sèvi ak kèk manje ou ka achte ak avantaj WIC ou yo.

Men kèk egzanp sou ki gwosè pòsyon repa ak ti goute yo ta ka ye nan plat ou an.

Manje Maten

1 fig

1 tas lèt san grès oswa 1%

Plate of Breakfast meal

1 tranch pen griye ak grenn antye

1 ze kuit, bwouye

Manje Midi

½ tas bwokoli kuit

1 tas dlo

Plate of lunch meal

1 ons pen mayi

½ tas sòs tomat

avèk ¼ tas pwa pinto ak ¼ tas pwa wouj

Ti Goute

Plate of snack meal

1 tas 100% ji zoranj

1 tas melon koupe an moso

½ tas yogout ki pa gen anpil grès ladan

5 oswa 6 bonbon grenn antye

3 oswa 4 tranch fwomaj

½ tas tranch konkonm ak 1 gwo kiyè vinegrèt

bwè dlo ant repa ak ti goute yo

Dine

1 tas salad vèt melanje, ak ¼ tas tomat

avèk ½ ze bouyi ak 1 gwo kiyè vinegrèt

½ tas kawòt kuit, tranche

Plate of dinner meal

1 tas diri mawon kuit

avèk 3 ons poul kuit tranche

1 tas lèt san grès oswa 1%

Ti Goute: Bon Gou, Sen epi Fasil

Vize 2 jiska 3 ti goute chak jou. Eseye yon konbinezon ti goute ki bon pou lasante lè w chwazi manje ki soti nan omwen de gwoup manje. Ti goute balanse sa yo ap fè ou santi w satisfè.

EGZANP: Tranch Pòm + Manba

PEN, SEREYAL, OUBYEN LÒT GRENN

  • Bagèl
  • Sereyal
  • Ble antye oubyen tòtiya mayi
  • Bonbon
  • Mòfin anglè
  • Bonbon Graham
  • Avwàn oubyen mayi moulen
  • Pen Pita
  • Pen rezen
  • Pen konplè
  • Granola oswa trail mix
  • Pòpkòn

PWODUI LETYE OSWA PWOTEYIN

  • Fwomaj
  • Fwomaj kotaj
  • Yogout konjle
  • Yogout
  • Ze, kuit
  • Nwa (tankou nwazèt)
  • Manba oswa bè nwa
  • Oumous
Fresh whole apple

FWI OUBYEN LEGIM

  • Bwokoli
  • Kawòt
  • Pwavwon vèt
  • Edamame
  • Tomat
  • Seleri
  • Zaboka
  • Pòm
  • Fig
  • Rezen
  • Melon
  • Zoranj
  • Pèch
  • Anana
  • Rezen
  • Frèz

Konsèy pou Restoran Manje Rapid

Ou andeplasman? Mande pou manje rapid sa yo:

  • Sandwitch poul griye
  • Anmbègè senp oubyen bègè ofwomaj
  • Salad repa prensipal oubyen salad akote
  • Pitza ki gani ak pwavwon vèt, tomat ak djondjon
  • Borito Pwa oswa poul
  • Pòmdetè kwit nan fou ak legim ak ganiti fwomaj
  • Fwi
  • Dlo, lèt ki pa gen anpil grès oswa 100% ji
Chicken Sandwich
Pregnant lady cooking

Konsèy sou Sekirite Manje

  • Lave men w ak savon ak dlo anvan w manje oubyen prepare manje.
  • Lave legim ak fwi ak dlo anvan w manje oubyen kwit yo.
  • Kwit vyann bèf, kochon, poul, kodenn, pwason, ak fwi demè nan etap byen kwit lan.
  • Chofe a vapè anvan ou manje òldòg, vyann frèt ak vyann chakitri tankou montadèl, salami oswa janbon.
  • Mande Nitrisyonis WIC a oswa pwofesyonèl swen sante w la ki pwason ki san danje ak kantite yo rekòmande pou manje pandan gwosès la.

Pa manje kèk manje.

Gen kèk manje ki pa an sekirite pou ou menm ak tibebe w la lè ou ansent. Pa manje:

  • Pwason doredmè, espadon, makwo wayal, oubyen reken
  • Zuit oubyen pwason kri tankou souchi, sachimi, oswa sevich
  • Vyann ki pa fin kuit, ki ra oswa kri tankou poul, vyann bèf oswa kodenn
  • Tatinad chakitri, oswa pate ki pa t chofe nan vapè
  • Ze ki kwit dousman oubyen ki kri
  • Vyann fime
  • Òldòg ki pa fin kuit
  • Fwomaj Feta, venn ble, Bri, oubyen estil meksiken (fwomaj blan oubyen fwomaj fre)
  • Lèt (kri) oubyen fwomaj ki pa pasterize
  • Ji oubyen sid ki pa pasterize
  • Jèm kri, tankou jèm lizèn

Mande pwofesyonèl swen sante w la anvan ou pran remèd fèy oswa bwè ti te a baz plant; yo ka fè tibebe w la mal.

Pran Vitamin Prenatal

Vitamin prenatal gen fè siplemantè ak asid folik pou ede tibebe w lan grandi. Verifye pou wè si vitamin prenatal ou a gen omwen 150 mcg yòd. Si vitamin prenatal ou pran an pa gen kantite yòd sa a, mande pwofesyonèl swen sante w la.

Pa pran okenn lòt vitamin sof si pwofesyonèl swen sante w la preskri w li.

Woman holding a glass of water and medicines
Clean teeth promoting good oral hygiene

Kenbe Dan w an Sante

Fanm ansent fè fas ak chanjman òmon ki ka afekte sante bouch yo.

POU W KENBE DAN W AK JANSIV OU AN SANTE, ASIRE W OU:

  • Bwose dan w (ak lang ou) omwen de fwa pa jou
  • Pase fil dantè chak jou
  • Bwè dlo, pa bwason sikre
  • Konsilte pou dan

Itilize yon bwòs dan a pwal mou. Bwose dousman. Si jansiv ou senyen lè w ap bwose oubyen itilize fil dantè, di pwofesyonèl swen sante w lan sa.

Rete Aktif pou Kò w Rete an Sante.

Kò w rete anfòm lè w fè l bouje. Si pwofesyonèl swen sante w la di li oke, kontinye aktif. Mache, detire, ak naje se kèk bon fason.

LÈ W AKTIF SA AP EDE W:

  • Gen plis enèji epi santi w mwens fatige
  • Dòmi pi byen
  • Elimine estrès
  • Bay mis ou yo fòm
  • Gen pi bon posti

Jwenn tan pou w aktif pandan 30 minit, majorite oubyen tout jou nan semèn lan.

OU KA DIVIZE TAN AN KONSA:

Mache 10 minit nan maten

plus icon in circle

Mache 10 minit nan apre midi

plus icon in circle

Mache 10 minit nan aswè

equal icon in circle

30 minit

Pregnant woman doing prenatal exercise

Ogmantasyon Gwosè ki an Sante

Kantite pwa ou ta dwe pran depann de pwa ou anvan gwosès la. Mande pwofesyonèl swen sante w la, enfimyè oswa Nitrisyonis WIC ou an yon graf pwa pou swiv pwogrè w.

Pwa Anvan Gwosès Ou a

Pwa ki twò ba
BMI mwens pase 18.5

Gwosè ki an Sante
BMI 18.5 jiska 24.9

Eksè pwa
BMI 25 jiska 29.9

Obèz
BMI pi wo oswa egal a 30

Ogmantasyon Gwosè ki an Sante Pandan Gwosès Ou a

28-40 liv

25-35 liv

15-25 liv

11-20 liv

Pregnant woman getting a prenatal checkup

Ogmantasyon Gwosè pandan gwosès la ede tibebe w la grandi. Ogmantasyon pwa pandan premye trimès lan ta dwe 1-4 liv. Kòmanse nan 4yèm mwa a, ou ka pran apeprè mwatye (½) jiska yon (1) liv chak semèn.

POU W KENBE YON OGMANTASYON PWA REGILYE:

  • Manje lè w santi w grangou
  • Chwazi manje ki sen pou w konsome
  • Bwè dlo
  • Rete aktif lè w ap mache

SI OGMANTASYON PWA OU AN:

Egzak

Ou ka pèdi pwa a pi fasil apre tibebe w lan fin fèt. Li ka ede pwoteje sante w ak sante tibebe w la.

Twò piti

Tibebe w lan ka fèt twò pitit oubyen twò bonè.

Twòp

Li ka pi difisil pou ou pèdi pwa a apre tibebe w lan fin fèt. Li ta ka ogmante risk pou w gen pwoblèm sante alontèm.

Si w ap tann marasa, triplè oswa plis, pale ak pwofesyonèl swen sante w la sou ogmantasyon pwa ki bon pou ou.

Kenbe Tibebe w lan an Sekirite ak an Sante

Li rekòmande pou evite tabak, nikotin, alkòl (byè, diven, likè, oswa bwason melanje), marigwana, ak dwòg ilegal pandan gwosès la. Chak nan pwodui sa yo ka gen yon enpak negatif sou sante ou ak sante tibebe w la.

Nou konnen li ka difisil pou sispann oswa diminye itilizasyon tabak, nikotin, alkòl, marigwana, ak dwòg ilegal.

Si w ap lite pou sispann oswa diminye itilizasyon yo, gen resous ki disponib pou ou.

Ou pa poukont ou.

Nou la pou nou sipòte w.

Liy Kite Adiksyon Delaware la

Pou jwenn sipò pou kite tabak oswa itilizasyon nikotin, tankou akonpayman gratis, yon plan pou kite gratis, ak materyèl edikatif gratis ale sou www.quitnow.net.

Pou jwenn sipò pou w kite alkòl, marigwana, oswa lòt itilizasyon dwòg ilegal kontakte pwofesyonèl swen sante w la oswa ale sou www.helpisherede.com.

Konsilte pwofesyonèl swen sante w la anvan ou pran medikaman pou asire w li san danje pou tibebe w la.

Baby Girl playing

Malèz nan Gwosès

Kò w chanje lè w ansent. Ou ka santi vant ou boulvèse pandan premye 3 oubyen 4 mwa yo. Kèk sant ak manje ka fè w vomi.

SI W SANTI W MALAD... (KÈ PLEN NAN MATEN):

  • Ouvri fenèt yo pou w kite lè fre antre epi lè ki chita anndan an soti
  • Leve lantman lè w reveye
  • Manje kèk ti bonbon sèl anvan ou leve nan kabann
  • Evite sant ki ka fè w malad
  • Konsome manje ki frèt si sant manje ki kuit la fè w malad
  • Konsome ti kantite manje chak youn oubyen de èdtan
  • Bwè likid, men pran pa ti gout

“Kè plen nan maten” ka rive nan nenpòt moman pandan jounen an.

Menm si w santi w malad, ou toujou bezwen manje ak likid. Si anyen pa ret nan vant ou, rele pwofesyonèl swen sante w lan.

Pregnant lady holding belly with a pained expression
Woman in pregnancy suffering from acid reflux

Pandan tibebe w lan ap grandi, vant ou ka lou lè w manje. Li ka vin difisil pou w gen twalèt. Pale ak pwofesyonèl swen sante w lan si w gen pwoblèm sa yo. Pa pran medikaman sof si pwofesyonèl swen sante w la preskri w li. Men kèk konsèy:

SI W GEN LESTOMAK BRILE...(ENDIJESYON):

  • Konsome 5 oubyen 6 ti repa, olye de 2 oubyen 3 gwo repa
  • Evite Konsome manje fri oubyen ki gen grès
  • Manje mwens manje pike
  • Bwè ti kou dlo ak repa ou yo
  • Mache apre w fin manje
  • Evite kafeyin nan soda, kafe, oswa te

SI W KONSTIPE… (PA KA POUPOU):

  • Konsome manje ki gen fib tankou:
  • Legim
  • Fwi
  • Pwa
  • Sereyal a grenn antye
  • Pen ak bonbon ble antye
  • Nouy ble antye
  • Diri mawon
  • Tòtiya mayi
  • Bwè yon bon kantite likid tankou dlo
  • Mache apre w fin manje
Woman with abdominal pain from constipation

Bay Tibebe w la Bon Kòmansman an – Bay Tete!

Lèt tete se tout sa tibebe w la bezwen pou 6 premye mwa lavi li yo. Lèt ou a gen bon engredyan yo nan bon kantite yo pou bay tibebe w la yon kòmansman ki kenbe li pi an sante nan lavi li. Alètman bon pou ou tou. Kontakte Konseye Alètman w lan pou jwenn sipò pou alètman.

MANMAN K AP BAY TETE YO DI...

“Bay tete nan nwit pi fasil.”

“Li fè m ekonomize tan – Mwen pa bezwen melanje lèt nan bwat oswa netwaye bibwon.”

“Li fè m ekonomize lajan – Mwen pa bezwen achte lèt nan bwat oswa bibwon.”

“Mwen santi mwen plis atache ak ti bebe mwen an.”

“Lè mwen bay tete, mwen santi mwen fyè. Tibebe mwen an grandi an sante epi li fò ak yon kado sèlman mwen ka bay.”

ALÈTMAN PWOTEJE SANTE TIBEBE W LA.

Tibebe ki pran tete gen yon risk ki pi ba pou yo gen:

  • SIDS – Sudden Infant Death Syndrome (Sendwòm Lanmò Sibit Tibebe)
  • Alèji
  • Maladi, tankou rim, enfeksyon respiratwa, ak nan zòrèy
  • Obezite
  • Dyare ak konstipasyon

ALÈTMAN BON POU MANMAN TOU.

Alètman ede ou:

  • Diminye risk pou obezite, kriz kadyak, ak estwok
  • Diminye risk kansè tete ak lòt kansè
  • Kenbe zo ou fò
  • Retounen nan gwosè anvan gwosès ou a pi vit

Reyalite sou Alètman

  1. Anpil manman gen kesyon sou alètman.
    Pale ak anplwaye WIC yo sou nenpòt enkyetid ou ka genyen sou alètman.
  2. Bay tete chak fwa tibebe w la grangou ap pèmèt kò w pwodui tout lèt tibebe w la bezwen.
  3. Lè w kenbe tibebe a po l kole sou po w pandan ou nan lopital la epi apre w fin ale lakay ou, sa ede w pwodui lèt.
  4. Alètman pa ta dwe fè mal.
    Si li fè mal, chèche èd. Kontakte konseye alètman ou an oswa pwofesyonèl swen sante w la. Klike la a pou w jwenn yon lis konseye.
  5. Mande èd lakay ou, sitou nan premye jou yo.
    Mande fanmi ak zanmi pou yo patisipe nan travay nan kay la epi siveye lòt timoun yo. Papa oswa yon lòt manm fanmi ka kenbe ti bebe a po li kole ak po ou, ede nan benyen ak moman pou jwe ak li. Tibebe bezwen anpil lanmou ak karès anplis de lè w ap ba yo manje.
  6. Ou ka retounen nan travay oswa lekòl epi kontinye bay tete.
    Pifò eta yo gen lwa ki egzije espas travay yo sipòte anplwaye ki ap bay tete. Genyen tou lwa nan tout 50 eta yo pou pwoteje manman yo lè yo ap bay tete an piblik.
  7. Manman ki ap bay tete ka konsome manje yo pi renmen yo!
    Pa gen rejim ki nesesè.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou alètman, ale sou wicbreastfeeding.fns.usda.gov

Plan Alètman Mwen Nan Lopital La

Di enfimyè w yo ak doktè w la ke objektif ou se bay tibebe w la tete sèlman. Mande yo pou yo suiv gid sa yo toutotan ke li san danje medikalman pou tibebe w la ak pou ou:

Alètman eksklizif – Tanpri pa bay tibebe mwen an okenn lèt tibebe, dlo oswa dlo sik glikoz anvan ou pale ak patnè mwen oswa mwen.

Po kole sou Po – Pandan mwen entène an, mwen vle kenbe ti bebe mwen an kole sou mwen toutotan sa posib.

Ponp Tete – Si tibebe mwen an pa kapab pran tete oswa si yo separe li ak mwen akòz rezon medikal, mwen vle itilize yon ponp tete pi vit ke posib. Si mwen bezwen ponpe pi lontan pase lè m te etène lopital mwen an, tanpri sonje m pou m rele konseye alètman mwen an.

Pa bay Bibwon oswa Sison – Tanpri, pa bay ti bebe mwen an tetin atifisyèl. Sa a gen ladan sison oswa nenpòt kalite bibwon.

Sipò Alètman – Tanpri ede m bay tete pandan premye èdtan apre akouchman an.

Sak pou Ale Lakay ou – Tanpri pa voye okenn lèt tibebe oswa enfòmasyon sou lèt tibebe lakay nou lè nou kite lopital la. Olye de sa, tanpri fè m sonje ke m ap bay tibebe m pi bon nitrisyon lè m chwazi bay tete.

Kreye Tan pou Tèt Ou.

Gen yon tibebe se yon travay ki difisil! Pafwa ou ka santi w fatige, emosyonèl epi irite. Ou ka menm santi w tris. Jwenn tan pou w rilaks epi pran repo. Si w santi w debòde, mande èd.

Mande fanmi ak zanmi èd.

Pale ak pwofesyonèl swen sante w lan.

Rele Liy Èd Entènasyonal pou Sipò Apre Akouchman nan 1-800-944-4773, ale sou www.postpartum.net, oswa voye yon mesaj tèks bay 800-944-4773 (Anglè) oswa 971-203-7773 (Espanyòl).

Si ou vle fè ti bebe w la mal kontakte www.Helpisherede.com oswa resous Delaware ki pi ba yo: Rele Hope Line Delaware la: 833-9-HOPEDE oswa rele Sèvis Entèvansyon Kriz: 800-652-2929 (Northern DE) 800-345-6785 (Southern DE).

Pou bay tèt ou plis lanmou:

  • Eseye dòmi ak repoze w ase
  • Pran kèk minit chak jou sèlman pou ou
  • Pase tan ak moun ou renmen; evite moun ou pa renmen yo

Si w gen panse pou w ta atake pwòp tèt ou oubyen tibebe w lan, chèche èd imedyatman.

Rele 1-800-273-8255 pou sipò emosyonèl gratis ak konfidansyèl 24 sou vennkat, 7 jou sou sèt.

Taking time for personal self-care
Delaware Wic Site Logo

Kontakte nou

Konte New Castle
Hudson: (302) 605-4066
West End: (302) 605-6653
Northeast/Claymont: (302) 605-4099
Imèl: nccwic@delaware.gov

Konte Kent
(302) 605-1833
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: kentwic@delaware.gov

Konte Sussex
(302) 605-4055
(302) 605-4077 (Panyòl)
Imèl: sussexwic@delaware.gov

Resous yo

  • Gid sou revni
  • Sipò WIC pou Alètman
  • Kesyon Moun Poze Souvan
  • Enlitèlijans WIC
  • Instagram
  • Facebook
  • Youtube

Imèl: dewicprogram@delaware.gov

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.
Klike la a pou deklarasyon USDA ki pa diskriminasyon.

Cookie PolicyRèg sou enfòmasyon prive

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    Bay yon Tibebe 6-7 Mwa Manje

    Bay manje pire nan kiyè ak nan yon bòl, jamè nan yon bibwon. Kòmanse ak legim an premye pou kèk jou anvan ou prezante manje annapre a.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, apeprè 4 jiska 6 fwa nan 24 èdtan.

    Tibebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans anviwon 6 mwa daj epi yo ka manje pi souvan.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou nan lèt ki gen fè ladan. Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    Itilize lèt tete oswa lèt tibebe pou prepare 2-4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen fè ladan. Ofri de fwa pa jou.

    2-4 gwo kiyè ti moso pen sèk, ti bonbon sèl, ak sereyal. Ofri de fwa pa jou.

    Grains
    Legim

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Legim Kuit, pire, kraze.

    Vegetables
    Fwi

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Fwi Kuit, pire, kraze. Sòs pòm, pire pèch, oswa fig kraze.

    Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason, oswa legim an pire, kraze oswa pire.

    Ka ajoute yogout lèt antye lis.

    Pou dilye manba, sèvi ak sereyal tibebe oswa yogout lèt antye.

    Proteins

    Bay yon Tibebe 10-12 Mwa Manje

    Lèt tete se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ofri l manje solid.

    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete
    Kontinye bay tete sou demann, 3 fwa oswa plis chak jou.
    Lèt Tibebe

    16-24 ons chak jou. Ofri nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal pou tibebe WIC apwouve.

    Pen griye sèk, ti biskwit, pen, bagèl, woulo, oswa ponmkèt òdinè.

    Diri ak nouy ki kuit.

    10-12 Month Grains
    Legim

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Moso legim kwit gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Vegetables
    Fwi

    3-4 gwo kiyè chak jou.

    Fwi fre, kale, ak nan pòsyon gwosè yon kout dan.

    10-12 Month Fruits
    Pwoteyin

    2-4 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Manba fen, lis.

    10-12 Month Proteins

    Bay yon Tibebe 8-9 Mwa Manje

    Bay manje ki solid yo nan kiyè. Pa janm mete sereyal nan yon bibwon.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Kontinye bay tete sou demann, omwen 4 fwa nan 24 èdtan.

    Si tibebe w la sanble mwens enterese nan tete apre ou fin prezante solid, eseye bay tete anvan ou ofri solid.

    Ofri lèt tete nan yon gode.

    Lèt Tibebe

    24-32 ons chak jou.

    Ofri lèt nan yon gode.

    Grenn
    Legim
    Fwi
    Pwoteyin
    Grenn

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Sereyal tibebe òdinè ki gen fè ladan.

    Diri oswa pat òdinè.

    Biskwit ti bebe, ti moso pen, oswa tòtiya mou.

    8-9 Month Grains
    Legim

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Legim òdinè ki kwit, kraze ak yon fouchèt.

    8-9 Month Vegetables
    Fwi

    8-12 gwo kiyè chak jou.

    Fwi mou kale an moso ki gwosè yon bouche.

    Fwi nan bwat san sik.

    8-9 Month Fruits
    Pwoteyin

    4-8 gwo kiyè chak jou.

    Vyann ki byen rache, koupe oswa vyann ki koupe an kib, bèt volay, ze, pwason, oswa pwa kraze kuit.

    Fwomaj kotaj oswa fwomaj dou.

    Manba oswa nwa fen, lis.

    8-9 Month Proteins
    I'm Hungry
    I'm Hungry

    Konsèy

    Mom new born home

    LÈT TETE AK LÈT TIBEBE:

    Anviwon 2-3 semèn, 6 semèn, 3 mwa, ak 6 mwa daj, ti bebe yo ka fè fas ak yon pouse kwasans lè yo manje pi souvan.

    Pandan y ap grandi ti bebe yo ka kenbe plis lèt, kidonk lè ant chak repa vin gen plis eka epi yo pran mwens tan.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Kòmanse ofri lèt antye lè tibebe w la gen yon lane.

    Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) rekòmande pou bay tete eksklizif pandan sis premye mwa yo epi kontinye bay tete pandan omwen 12 mwa ak plis.
    feeding solid foods

    BAY MANJE KI SOLID:

    Rete tann pou w ofri manje solid jiskaske tibebe w la:
    • Ka chita epi kenbe pwòp tèt li.
    • Louvri bouch li lè li wè manje.
    • Ka fèmen bouch li w ap foure yon kiyè nan bouch li.

    Pou anpeche l toufe, toujou kenbe tibebe w la lè w ap ba li manje. Pa janm soulve yon bibwon lè w ap bay manje.

    Eseye yon sèl nouvo manje alafwa. Tann 5 jou anvan ou eseye yon lòt nouvo manje pou siveye alèji. Alèji ak yon manje ka gen ladan souf anlè, gratèl, oswa dyare.

    Prezante manba anviwon 6 mwa. Gaye yon ti manba oswa nwa fen sou yon ti bonbon sèl. Veye tibebe w la pou wè si gen nenpòt reyaksyon pandan 2 èdtan apre yo.

    Tibebe ki poko gen yon lane PA ta dwe bwè siwo myèl oswa manje ki ka lakòz yo toufe tankou nwa oswa rezen antye.

    Tout tibebe yo diferan. Pale ak WIC oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la.

    Endis Alimantasyon

    Mwen Grangou
    Vant Mwen Plen
    Mwen Grangou
    • Stirring
      Ajitasyon
    • Mouth opening
      Bouch louvri
    • Turning head seeking/rooting
      Vire tèt chache/rasinen
    Vant Mwen Plen
    • Releases or falls off
      Lage oswa “tonbe”
    • Turns away
      Vire
    • Relaxes and opens fists
      Rilaks epi ouvri pla men l

    Bay yon Tibebe 4-5 Mwa Manje

    Anvan dan yo parèt, siye jansiv la ak yon twal mou, pwòp apre chak repa, espesyalman anvan li dòmi.
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tibebe w la tete sou demann, omwen 7-9 fwa nan 24 èdtan.

    Lè tibebe w la kòmanse fè dan, li ka vle tete pi souvan.

    Lèt Tibebe

    25-45 ons nan 24 èdtan.

    Tibebe w la bezwen apeprè 4-6 ons lèt ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Tibebe w la ka kòmanse manje selon yon orè. Olye pou w konsantre sou kantite fiks, kite tibebe w la di w lè li pran ase.

    Bay yon Tibebe 0-3 Mwa Manje

    Tibebe ki fenk fèt yo gen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Nan premye semèn yo, ou ka bezwen reveye tibebe w la pou ba li manje si li dòmi pou plis pase 4 èdtan.
    Pouse Kwasans
    Anpil ti bebe rechiya pandan yon pouse kwasans epi yo vle fè plis tan ap tete epi pi souvan. Yo rele sa alimantasyon an grap. Sa a se fason tibebe w la ede w ogmante pwodiksyon lèt ou pou w ka reponn ak bezwen l yo. Sonje byen, plis tibebe w la ap pran tete, se plis kò w ap pwodui lèt.
    Pouse kwasans ka rive nenpòt ki lè, epi chak ti bebe diferan.
    Yo souvan rive nan laj sa yo:
    two-three-weeks
    2 jiska 3 Semèn
    six-weeks
    6 Semèn
    three-months
    3 Mwa
    six-months
    6 Mwa
    Lèt Tete
    Lèt Tibebe
    Lèt Tete

    Bay tete 8-12 fwa nan 24 èdtan pou ede tibebe w la rete an sante.

    Bay tete sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou, tankou souse men oswa souse bouch.

    Lèt Tibebe

    Nan premye jou yo, tibebe ki fèk fèt yo bezwen 2-3 ons lèt pou tibebe ki gen anpil fè chak 3-4 èdtan.

    Nan fen premye mwa a, tibebe w la bezwen anviwon 4 ons chak 4 èdtan.

    Bay manje sou demann ak lè tibebe w la montre siy grangou.

    Ki manje mwen ka jwenn?

    Lis Manje Otorize

    Ki kote mwen ka achte?